Zaboka

Zaboka se yon fwi. Li soti nan pye zaboka. Non syantifik li se Persea americana. Li soti Meksik, ki ka mennen lòt kote. Zaboka donnen nan pye bwa, pye a rele avokatye. Po a gen koulè vèt. Andedan zaboka gen koulè jòn. Li gen yon grenn andedan li, grenn nan gen koulè mawon. Nou konn manje zaboka ak mayi moulen avèk pen ak kasav. Yo vann zaboka nan mache. Li gen vitamin A. Gen zaboka ki gen fòm won, gen lòt tou ki gen fòm lon. Zaboka nou jwenn li nan manje ki konstwi kò. Zaboka se yon fwi ki gen gou anpil.

Tradiksyon

Istwa

Istwa mo sa

Referans

    Lyen deyò

    This article is issued from Wikipedia. The text is licensed under Creative Commons - Attribution - Sharealike. Additional terms may apply for the media files.