Rivyè Grangwav se yon kou dlo ki koule ann Ayiti nan depatman Lwès, ki pran sous li nan awondisman Leyogàn. Li rantre nan gòlf Lagonav nan nivo vil Grangwav ki nan awondisman Leyogàn.
Jewografi
Rivyè Grangwav pran sous li nan pye mòn Chèn Lasèl. Kou dlo a dirije nò-nòdès, epi, nò ak koule nan vil Grangwav kote bouch li sitiye ki mennen nan gòlf Lagonav.
Depi Tranblemanntè 12 janvye 2010 nan peyi Ayiti, yon baraj anwò rivyè Grangwav menase pou kraze akòz feblès li yo.[1]
Gade tou
Referans
- ↑ (franse) fr « Un barrage menace de céder à Grand-Goâve ». lapresse.ca. 15 fevriye 2010.
Lyen deyò
This article is issued from Wikipedia. The text is licensed under Creative Commons - Attribution - Sharealike. Additional terms may apply for the media files.