Mizisyen | ||||||||||
---|---|---|---|---|---|---|---|---|---|---|
| ||||||||||
Mizik: konpa | ||||||||||
Enstriman saksofòn | ||||||||||
Nemours Jean Baptiste, rele maestro, ki fèt 2 fevriye 1918 nan Pòtoprens (Ayiti) epi ki mouri 18 me 1985 nan menm vil, se yon saksofònis ak direktè mizikal ayisyen, yon mizisyen kreyòl. Li jwe mizik sa : konpa. Li te konsidere kòm youn nan kreyatè nan konpa dirèk la, ki se yon estil mizik ayisyèn.
Biyografi
Papa li te Clément Jean Baptiste ak manman li te Lucienne Labissière.
Nemours Jean Baptiste te fondatè ak "maestro" gwoup mizisyen :
- Anacaona
- Djaz atomik
- Conjuncto International, rele "Ensemble aux calebasses" nan koumansman ane yo, epi "Ensemble Nemours Jean Baptiste"
Nemours marye avèk Marie-Félicité Olivier sou 28 septanm 1946. Li gen de (2) tifi, Yvrose, Marie-Denise ak yon ti gason, Yves-Nemours.[1] Nemours te kreye anpil chanson pou zanmi ak fanatik. Ti Carole, pou yon fan, Kouri, te selèb nan lane 1967.[2]
Zèv li yo
Diskografi
- L'as du rythme
- Authentic haitian Merengue
- Carnaval 1969
- Dansez carré avec le super ensemble de Nemours Jean-Baptiste
- Les derniers succès de Nemours
- Haïti chérie
- Haitian Dance music
- Inspiration
- Merengue
- Music of Haiti
- Musical tour of Haiti
- Nouveaux succès
- Poin fè pa
- Robè Antreve
- The Sensation of the day
- Ti Carole
- Les trois dangers
- A visit to Haiti
Referans
- ↑ « Nemours Jean-Baptiste: Family ».
- ↑ « Haiti-Reference:Notables ». Archived from the original on 2016-03-04. Retrieved 2018-03-24.
Lyen deyò
- Nemours Jean Baptiste sou haiti-reference.com
This article is issued from Wikipedia. The text is licensed under Creative Commons - Attribution - Sharealike. Additional terms may apply for the media files.