Lestè se yon vil nan peyi Ayiti.
Komin sa a se nan awondisman Gonayiv.
Jewografi
Komin Lestè se twazyèm komin awondisman Gonayiv. Li limite nan nò ak Gòlf Gonav la ak minisipalite Gonayiv la; nan sid, pa minisipalite Dedin ak Desalin; sou bò solèy leve, pa minisipalite Gonayiv ak Desalin ak nan lwès pa Gòlf Gonav la ak minisipalite Dedin. Komin Lestè se plenn an majorite.
An jeneral, vil Lestè jwi yon klima ki cho.
Istwa
Komin Lestè te premye monte nan ran distri an 1954 sou gouvènman Paul Eugène Magloire. Trant lane aprè, an 1984, li te monte nan ran komin sou gouvènman Jean-Claude Duvalier.
Administrasyon
Komin sa a divize an de (2) seksyon kominal. Li gen pou piti (16) lokalite ak diznèf (19) lojman.
Popilasyon
Moun ki rete nan komin Lestè yo rele Lestèryen.
Kilti
Fèt patwonal vil la, Marie Reine Immaculée, selebre chak 8 desanm nan tout vil la.[1]
Referans
- ↑ « L'Estère ». FENAMH (in français). Archived from the original on 2022-11-02. Retrieved 2022-11-02.