Guire Poulard | |
---|---|
Fonksyon | evèk |
Nesans | Tigwav |
Lanmò | (ak 76 ane) Pòtoprens Ayiti |
Nasyonalite | ayisyen |
Domèn | relijyon |
Guire Poulard, ki fèt 6 janvye 1942 nan komin Tigwav (vilaj Délatte) (Ayiti) epi ki mouri 9 desanm 2018 nan Pòtoprens (Ayiti), se yon evèk katolik ayisyen.
Li te siksesivman evèk Jakmèl, pita Okay ak achvèk Pòtoprens.
Biyografi
Guire Poulard òdone prèt Katolik jou 25 jen 1972 pou Archidyosèz Pòtoprens.
Jou 25 fevriye 1988 Pap la Jean Paul II nonmen li evèk Jakmèl.
Paolo Romeo, nons apostolik nan Ayiti, te konsakre li jou 15 me a. Jou 9 mas 2009, li transfere nan syèj episkopal lan nan Okay.
Li rele Achevèk nan Pòtoprens jou 12 janvye 2011, anivèsè tranblemanntè ki te ravaje kapital ayisyèn an e ki te touye presedan li a Monseyè Joseph Serge Miot. Li konsève chaj sa a jouk 7 oktòb 2017, lè pap François aksepte demisyon li pou limit laj.
Zèv li yo
Gade tou
Referans
- ↑ « Monseigneur Guire Poulard est mort ! ». haiti24.net. 10 desanm 2018.
- ↑ Vant Bèf Info, ed. (9 desanm 2018). « Décès-Religion : Monseigneur Guire Poulard s’est éteint à l’âge de 76 ans ». vantbefinfo.com. Retrieved 10 desanm 2018.
Lyen deyò
- (angle) en Fich Guire Poulard sou catholic-hierarchy.org
This article is issued from Wikipedia. The text is licensed under Creative Commons - Attribution - Sharealike. Additional terms may apply for the media files.