Coutechève Lavoie Aupont
Image illustrative de l’article Coutechève Lavoie Aupont
Fonksyon Powèt
Nesans
Mibalè
Nasyonalite ayisyen
Domèn pwezi

Coutechève Lavoie Aupont, rele Lavoie, ki fèt 16 oktòb 1982 nan Mibalè, se yon powèt ayisyen.

Biyografi

Nan lane 1986 papa li ak manman li separe. Manman li pran desizyon an pou yo ale nan Repiblik Dominikèn avèk li. Yo rete la kat ane. A laj de 16, Lavoie se yon manm nan twoup teyat la NOUS.

Nan 2005 Téchelet Nicholas pran li nan kafe literè.

Li travay tou avèk atelye "Le Vide". Nan lane 2007, li te resite nan Pòtoprens, pandan komemorasyon santènè Jacques Roumain.

Premye rekèy powèm Partances parèt nan edisyon "Rivarti collection" nan 2009. Lavoie te tou elèv nan Lekòl Nòmal Siperyè depi 2008. Nan lekòl li rankontre ekriven kòm : Lyonel Trouillot, Marc Exavier, Jacques Gougues, Alix Emera ak Bérard Cénatus.

Zèv li yo

Pwezi

  • 2009 : Partances. Prefas Josaphat-Robert Large. Nouyòk: Rivarti collection.
  • 2013 : Déesse de la première vague du jour swivi pa Partances. Léogâne: Ruptures.
  • 2016 : Make pa. Léogâne: Ruptures.
  • 2017 : Le doute de la main. Pòtoprens: Atelier Jeudi Soir.

Rekonpans

  • 2016 : "Pri René Philoctète", pou Le doute de la main.
  • 2016 : "Pri Pwezi Kreyòl Dominique Batraville", pou Make pa.

Referans

    Lyen deyò

    This article is issued from Wikipedia. The text is licensed under Creative Commons - Attribution - Sharealike. Additional terms may apply for the media files.